Nan kad match retou demi final Lig Chanpyon fanm yo, Olympique Lyonnais rive bat ekip fanm PSG a (1-2). Nan match sa entènasyonal ayisyèn nan, Melchie Dumornay, te make dezyèm gòl la pou te ede ekip li a kalifye pou final gwo konpetisyon sa.
Alòske l te blese nan kòmansman sezon an, gras ak kalite teknik li Dumornay rive pran plas li anndan yon ekip Lyon ki chaje ak lòt sipèsta. Foutbolè fanm ayisyèn nan ap jistifye plas li nan ekip la sitou nan gwo konpetisyon sa ki se Lig Chanpyon an.
Deja nan demi final ale a, Corventina te make yon gòl epi bay yon pas gòl pou te ede Lyon fè viktwa, nan match retou a ayisyèn nan reyalize menm pèfòmans lan: yon gòl epi yon pas gòl.
Nan tou de (2) match yo ; ale ak retou, Melchie fini MVP, sa ki vle di li se jwez ki te pi enpòtan nan kalifikasyon Olympique Lyonnais pou final gwo konpetisyon sa.
Devan pèfòmans entènasyonal ayisyèn nan laprès nan peyi Frans, tankou Jounal l’Équipe ak lòt ankò pa sispann voye flè pou Corventina yo jije ki te pi gwo danje pou ekip ekip PSG a. Kounya li nan final, li rete pou Corventina pran tit sa epi swete wè l sou poudyòm balon dò.