Federasyon foutbòl ayisyen nonmen Angelo Jean-Baptiste nan tèt seleksyon nasyonal kategori 20 lane a pou prepare eliminatwa mondyal kategori U20 an ki pral fèt nan lane 2024 la. Se Federasyon an ki fè anons sa sou paj Facebook li mèkredi 10 janvye 2024 la.
Federasyon foutbòl ayisyen an tanmen prepare mondyal kategori U20 k ap fèt nan lane 2025 la. Federasyon an nan sans sa konfye jèn Grenadye yo ak seleksyonè Angelo Jean-Baptiste ki dirije plizyè seleksyon nasyonal deja.
Nan lane 2022, Angelo te dirije yon lòt jenerasyon U20 ki t ap batay pou kalifikasyon mondyal 2023 ak JO ki te gen pou fèt nan peyi Lafrans nan lane 2024, daprè sa FHF fè konnen. Apre sa seleksyonè eksperimante a te pran tèt ekip U17 la nan eliminatwa mondyal 2023 a.
Se pral yon nouvo misyon pou Angelo Jean-Baptiste. Coach ayisyen an ap gen pou l mennen ekip la nan eliminatwa mondyal kategori U20 2025 la. Eliminatwa yo ap fèt nan de (2) faz. Premye tou a ap fèt nan lakou Saint Kitts and Nevis soti 23 fevriye pou rive 2 mas 2024 la. Ayiti nan poul E a ap gen pou l jwe kont Îles Caïmans 23 fevriye, St Kitts, jou k ap 25 fevriye a ak Porto Rico 27 fevriye k ap pwoche la.
Jèn Grenadye yo dwe fini premye nan poul sa a pou yo kalifye pou 2èm tou Faz eliminatwa mondyal sa ki pral fèt nan lane 2025 la.
Carl Henry Florant