Ayiti/Ensekirite :Bandi kap opere nan kwa dè boukè asasine samdi 3 septanm la nan 3 moun pami yo Yon polisye nan Yon machin lokasyon .Moun nan zòn nan zòn te dekouvri kadav yo nan perimèt Sou komisarya Cesselesse la.
Neg ak zam nan kwa dè boukè asasine 3 moun ki te nan Yon machin lokasyon plak li se LO 03555. Moun nan zon lan dekouvri kadav yo nan paraj sou komisarya Cesselesse la.
Pami viktim yo gen polisye Édrisse Camille ak mekanisyen Frantz Romulus ki te akonpanye ak Yon chofè .Frantz Romulus, papa 3 timoun se propriyetè Yon garaj ki touvel pa twò lwen Plas Jérémie ,Yon zon nan potoprens .
Plizye imaj moun te ka wè sou rezo sosyal yo montre viktim yo ki te gen Yon
T-shirt koulè blanch ki gen men yo mare ak Yon kòd
Selon enfomasyon yo 3 viktim tap kite potoprens pou yo rann yo nan Kap Ayisyen,nan nò peyi a nan lide pou rekipere Yon machin an pan mekanisyen an te achte .
Menm sous sa ki pale ak ajans « le facteur « konfime Frantz Romulus alyas « Bòs Frantz » te achte machin depi 10 jou . Fanmi viktim yo pa ekate posibilite pou se y’a yon zak ki planifye depi nan antouraj polisye a ak mekanisyen an .