Alòske anpil kote nan peyi a te leve kanpe pou di non ak move lavi kap plonje pèp la pi fon nan lamizé , nan vil Jeremi sitiyasyon an pat diferan. Plizyè milye moun te pran lari pou rele aba lavi chè ak ensekirite kap taye banda nan peyi a. Mouvman sa nan site Powèt la ta pral vire an dechoukay.
Manifestan yo piye plizyè biznis ki nan zòn nan riyèl Stenio Vincent. Yo pote ale sak diri, bwat savon, espageti, lèt ak lòt pwodui nesesite ankò. Pou kounya lapolis pran kontwòl sitiyasyon an.