Yon jij fedral nan Eta Florid kondane ansyen senatè ayisyen an, John Joël Joseph pou l pase rès vil nan prizon pou enplikasyon li nan lanmò ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse. Jij ki te sou dosye a pran desizyon sa jou madi ki te 19 desanm 2023 a daprè enfòmasyon medya ameriken yo rapòte.
Ansyen senatè ayisyen John Joël Joseph kondane pou l fè tout lavi li dèyè bawo nan prizon peyi Etazini pou patisipasyon l nan lanmò ansyen chèf Leta ayisyen an Jovenel Moïse. Se yon desizyon jij José E. Martínez pran de (2) mwa aprè ansyen palmantè a te rekonèt li koupab devan gouvènman ameriken nan lide pou jij yo ta retire sou pèn li.
Toujou daprè enfòmasyon jounal ameriken yo, jij federal la te bay dènye mo li nan yon odyans nan Eta Miyami ki te dire 30 minit. Nan odyans sila, kondane a te mande gras. John Joël Joseph ki te chita bò kote avoka li ak rad prizonye l sou li, te genyen demen l minote. Li te deklare plan an pa t pou touye ansyen patwon Agritrans la, men sitiyasyon an te vin dejenere nan men yo.
N ap raple, John Joël Joseph se twazyèm moun ki kondane pou pase rès lavi l nan prizon aprè Rudolph Jaar ak militè kolonbyen an German Rivera nan kad dosye sila.
Pa bò isit jij Walther wesser voltaire kontinye ap tande noun kòm sispèk oubyen kòm temwen ,yon sèl ladan yo poko Janm kondane.