Dimanch 5 avril 2024 la chèf polis la Frantz Elbé te òganize yon atelye travay, nan lide pou ranfòse sistèm sekirite nan prizon yo, yon lòt bò pou rive arete tout prizonye kite sove nan plizyè evasyon bandi ak zam te òganize nan kèk prison sivil, nan lide pou te kreye latwoublay nan dènye jou sa yo.
“Polis Nasyonal la. Nan sans sa, pou li rive konbat fenomèm sila ke malfra yo itilize, pou kreye destablizasyon nan mitan popilazyon sivil la. Kòmandan an Chèf PNH la pase Plizye inite ak direksyon depatemental nan Polis la pasenlòd fòmel pou trake epi, remete nan plas yo, tout endividi ki te sove nan plizye prizon ( Penitansye Nasyonal, Prizon Kwadèboukè, Kabarè, Pòd Pè) nan moman envazyon yo”, se sa enstitisyon lapolis ekri nan yon nòt ki parèt sou paj ofisyèl yo maten lendi a.
Pi devan fòs lòd yo fè konnen yo lanse operasyon koukourouy kont tout evade kelkelanswa kote yo ye sou teritwa nasyonal la. Nan sans sa yo pibliye yon premye lis 76 prizonye ki gen zam epi ki danje, foto yo sou paj ofisyèl PNH ak tout enfraksyon yo tankou asasina, trafik zam ak kidnaping.
N ap raple nan Kòmansman mwa mas pase a bandi ak zam yo ki regwoupe yo anndan yon estrikti ki rele “Viv Ansanm”, te atake plizyè prizon nan kapital la epi libere prizonye yo.Pami prizyone sa yo te gen anpil gwo bandi ki te rive sove nan penitansye nasyonal prizon kwadèboukè elatriye .