Entènasyonal ayisyèn nan, Melchie Daelle Dumornay, nan lis kandida pou genyen tit pi bon jwè fanm Concacaf nan «Concacaf Award 2023/2024» la
Ak Olympique Lyonnais epi seleksyon ayisyèn nan, li make 17 gòl ak delivre 9 pas gòl. Statistik li yo montre li fè 8 gòl ak yon pas gòl pou Ayiti, épi 9 gòl ak 8 pas gòl pou OL.
Ane sa a, Dumornay nan konpetisyon ak senk lòt jwez pou CONCACAF Awards 2023/2024 la. Pami yo, Jamayikèn Khadija Shaw ki ap jwe nan Manchester City, Kanadyèn Adriana Leon ki nan Aston Villa, Amerikèn Sophia Smith ki nan Portland Thorns FC, ak Meksikèn Charlyn Corral nan Pachuca ak Jacqueline Ovalle nan Tigres.
Pou ranpòte tit la, sipèsta ayisyèn nan ap konte sou vòt piblik la. Ou ka sipòte Corventina lè w vote pou li sou sit web CONCACAF.