![Yon endividi ki tap fè demach pou tabli yon gang nan depatman Sidès jwenn arestasyon l FB IMG 1680362385838 1024x1024 Yon endividi ki tap fè demach pou tabli yon gang nan depatman Sidès jwenn arestasyon l](https://telepam.tv/wp-content/uploads/2023/04/FB_IMG_1680362385838-1024x1024.jpg)
Nan depatman Sidès lapolis arete Théodore Jean Marie 29 mas pase a nan Grand Rivyè, yon seksyon kominal vil Jakmèl.
Sou telefòn li, SDPJ-Sidès jwenn tras plizyè konvèsasyon li te genyen avèk plizyè lòt akolit li pou mete kanpe yon gang nan depatman an ki ta pral tabli baz li nan Grand Rivyè.
Misye te deja an kontak avèk gang Izo a nan Vilaj de Dye ki te deja pwomèt yo lap bay yo 3 fizi galil pou kòmanse.
Nan sousi pou prevni tout kalte krim ak move zak nan depatman an lapolis ap kontinye ankete pou demaske tout endividi ki gen entansyon vin kreye latroublay nan depatman an e mande kolaborasyon popilasyon an.
–
#pnhhaiti