29 oktòb 2023 nan New York 2 Ayisyen mouri ak bal nan yon bilding, se yon vwazen yo ki fè zak la. Non viktim yo se Bladimy Mathurin ki gen 47 lane ak pitit li Chinwai Mode ki gen 27 lane daprè sa Haïtinews Info rapòte.
Daprè Marie Delilles, madanm Bladimy Mathurin, ensidan an rive lè vwazen yo nan etaj anba te fache pou bri ki t ap soti nan apatman yo a. Diskisyon an vin chofe vwazen an tire sou viktim yo ak nèf bal, devan pitit li ki gen 10 lane.
“Pitit gason m nan se yon bon tigason; li pa vyolan,” se sa Delillies te di. “Mari m pa gen zam, poukisa ou pote zam ou pou tire fanmi mwen? Poukisa ou pote yon zam pou kraze fanmi mwen” se sa li te ajoute.
”Timoun yo fè bri tout tan; sa pa vle di yon moun dwe rale yon zam epi touye yon moun,” deklarasyon Mickaël Louis, yon zanmi fanmi an ki abite nan apatman tou .
Sispèk la toujou nan kache, lapolis Ameriken ap chèchel. “Vwazen anba a te gendwa te fatige ak bri a epi li te monte nan etaj anlè a rale yon zam epi tire tou de moun yo.” se sa lapolis di nan dosye a.
Depite Asanble New York la Monique Chandler-Waterman vle ede fanmi an ki nan lapenn, k ap mande sekirite. Depite a di li planifye pou travay ak lapolis pou kenbe fanmi an an sekirite pandan rechèch la ap kontinye pou mete sispèk la anba kòd.
Imaj ensidan sa ap sikile sou tout rezo sosyal yo,kamera siveyans apatman pèmèt nou wè sitwayen sa kap simaye bal sou 2 Viktim yo , sa ki kreye gwo chòk lakay moun ki wè video sa sitou Sila yo ki te rekònèt fanmi sa kap viv nan katye sa depi kèk tan.