Nan yon nòt Primati pibliye jodi mèkredi 28 fevriye 2024 la, li fè konnen Leta Ayisyen ak Leta peyi Venezwela gen kèk mwa depi yo chita pou konnen kòman Ayiti ap fin peye lajan sa l dwe peyi Bolivar a. Gouvènman yo pwofite tou diskite sou kèk lòt pwojè kowoperasyon ankò.
Leta ayisyen te siyen akò Petwo Karibe a ak Peyi Venezyela jou ki te 14 me 2006. Akò sa te vle pou Leta ayisyen benefisye yon men leve sou gazolin, dyezèl, kerozèn, mazout ak asfalt l ap achte nan men peyi Hugo Chavez t ap dirije nan epòk la. Ayiti p ap peye tout kòb la lajan nan men. Men pito, l ap peye yon pati sou 25 lane ak yon enterè 1%. Se pa sèl Ayiti ki te benefisye èd sa. Anpil peyi nan Amerik Latin nan ak Karayib la te jwenn nan pwogwam sa ki te ofri anpil avantaj. Pwogwam Petwo Karibe a te fonksyone soti 2008 pou rive 2018.
Pou restitiye lajan sa, Leta ayisyen fè konnen nan yon kominike Primati a pibliye jodi mèkredi 28 fevriye a, gouvènman peyi konsène yo ap diskite pou yo jwenn yon bon fòmil pou Ayiti kapab peye dèt la. Gouvènman an ki gen Premye mins Ariel Henry nan tèt li a pi lwen esplike enpòtans diskisyon sa yo pandan l pwomèt pou l kominike nan tout transparans tout detay sou dosye sila lè de (2) pati yo vin jwenn antant la. Men pou kounye a, detay yo ap rete konfidansyèl nan mitan de (2) pati yo.
N ap raple nan jou kite 23 fevriye 2024 la, Vis prezidan kominikasyon gouvènman Venezwela te rapòte Ayiti deja peye yon tranch 500 milyon dola ameriken nan kad lajan sa li gen pou l bay oeyi Venezwela nan pwogwam Petwo Karibe a. N ap soulinye tou, depi 2 lane, Etazini leve kèk sanksyon sou Karakas ki dakò pou l fè kèk pa sou bò demokrasi a.
Carl Henry Florant